|
||
Direktiv pou Bon Jan Asistans
English Don antrepriz yo tankou Materyèl, Ekipman ak Sèvis ka Itil, Si: |
| 1. | Gouvènman nan peyi ki afekte a te mande epi te otorize
asistans entènasyonal sou lòt fòm apade kontribisyon lajan likid. |
| 2. | Òf la baze sou yon demann espesifik yon ajans lejitim,
imanitè ki rekoni epi ki deja gen operasyon nan zòn
kataswòf la. |
| 3. | Ajans k ap resevwa sekou yo te demontre li gen kapasite verifyab pou
distribye byen oswa li gen pèsonèl pou sa. |
| 4. | Òf la reponn a yon bezwen espesifik yo te evalye pou
enpak kiltirèl ak ekonomik. |
| 5. | Òf la bay yon pwodui oswa sèvis de kalite yo mezire avèk
nòm endistriyèl entènasyonal ki rekoni, ki familye nan peyi
ajans k ap resevwa byen yo. |
| 6. | Òf pou asistans teknik pa ta dwe depase ekspètiz ak
jesyon lokal. Founisè asistans teknik etranje dwe rekonèt
wòl yo se pou bay sipò men se pa pou kòmande. Gouvènman
peyi ki afekte a toujou gen otorite pou pran desizyon. |
| 7. | Kantite pwodui yo bay kòm don pa pral afekte defason advès rantabilite
biznis lokal yo akoutèm oswa alontèm. |
| 8. | Materyèl oswa sèvis yo ofri se pa solisitasyon pou relasyon dafè
alavni, nonpli li pa oblije oswa etabli yon relasyon
depandan oswa depans pou antretyen ak operasyon alavni. |
| 9. | Valè deklare byen oswa sèvis la se ekivalan
pri angwo nan peyi ajans k ap resevwa yo swa pri angwo pou yon
ekivalan jenerik. |
| 10. | Yo voye don pwodui avèk envantè detaye epi yo anbale yo annakò
avèk règleman ak nòm pou ekspedisyon entènasyonal. |
| 11. | Se moun ki fè don an ki peye pou transpò entènasyonal ak lokal, depo,
dedwannman, depo ak frè transpò. |
| Rekòmandasyon ki site anwo yo se opiyon pèsonèl CIDI ak kòlèg yo. Pou lyen nan òganizasyon non-gouvènmantal ki anrejistre avèk Gouvènman Etazini an ak plis oryantasyon detaye sou jesyon katastwòf entènasyonal, tanpri vizite www.cidi.org oswa kontakte Sant lan nan cidi@cidi.org. (3/25/03) | |